Operasyon PNH nan Gonayiv: 4 bandi blese mòtèlman ak 4 lòt arete

Nan kad yon operasyon PNH mennen nan baz « Bwa kale » nan Twou Sab Komin Gonayiv Ayiti, 4 bandi blese mòtèlman nan boukante kout bal ak fòs lòd yo, 4 lòt netralize, 2 zam sezi, 1 machin ak 1 moto sezi. PNH rapòte yo mennen operasyon sa nan sware vandredi 13 pou louvri samdi 14 janvye 2023 a.

Lapolis fè konnen yo mennen operasyon sa vè minwi, se brigad entèvansyon komisaya Gonayiv ak UDMO Latibonit nan tèt kole ki te rive reyisi misyon an nan baz « Bwa Kale » nan Twou Sab.

PNH kontinye pou di yo touye 4 bandi epi yo arete 4 lòt e n ap site :
1- Derice Jocelyn
2- Joseph Jimmy
3- Noel Ritchie
4- Dieujuste Victor

Fòs lòd yo rapousib pou fè konnen plizyè lòt bandi chape poul yo ak tout zam yo. Yo fè konnen tou PNH detèmine pou kraze òganizasyon kriminèl sa a nan Gonayiv pou popilasyon an jwenn lapè yo.

Direksyon Depatmantal Polis Latibonit la pwofite raple jèn ki lage tèt yo nan zak banditis yo pou yo chanje metye, paske san sa y ap tonbe anba fòmil 3M nan ( Mare, Mawon, Mouri).