Lendi 23 oktòb 2023 a, nan yon rapò komisè gouvènman a-i pakè Mibalè a, Mèt Gabriel FLEURY voye bay Minis Jistis ak Sekirite Piblik Ayiti a, Emmelie PROPHÈTE-MILCÉ, CG a mande minis la pa pran an konsiderasyon yon « plent » batonye lòd Avoka yo nan Mibalè a, Mèt Jorel LUBIN ak divès lòt Avoka ta depoze kont li atravè yon « pretandi petisyon » ki siyen pou mande revoke l. Li fè konnen moun ki siyen bagay sa se yon pakèt kowonpi. Se Komisè a menm ki konfime enfòmasyon an pou jounal Centre à la UNE.

Komisè a kontinye nan nòt la pou fè konnen anpil moun ki pote plent kont li yo se yon ansanm volè, kowonpi ki te nan tèt pakè Mibalè kòm paketye nan yon peryòd ki te revoke pou move zafè. Genyen lòt lajistis ap pousuiv pou izaj de fo.

Komisè a site Mèt Joël Lubin li di ki proklame tèt li kòm batonye, ki te sibtiti komisè gouvènman e ki te revoke pou fwod elektoral etou ki boure bawo Mibalè yon pakèt fo avoka. Li rapousib pou di Mèt Jean Smith Louis li menm ki se konseye bawo a, li menm tou te sibtiti komisè gouvènman pakè a, yo te revokel pou koripsyon, ki te konn abitye pran lajan anba tab pou libere kriminèl. Pou Mèt Anel Dorzin, konseye bawo a, lajistis ap pousuiv li pou izaj de fo nan zafè Mèt Palvin Phizéma.

Komisè Gouvènman Gabriel Fleury fini nan lèt li a pou di ti gwoup koriptè ak fosè sa yo pa genyen ase moralite pou fè sa yo fè a kont li, kòm moun ki genyen 39 lane nan administrasyon piblik la li poko janm pran yon lèt blam.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841