Doktè Prince Pierre Sonson eksplike nan mikwo «Centre à la UNE» pwoblèm lopital la ap andire, akoz bandi ak zam ki bloke mòn Kabrit

Bandi ak gwo zam fann fwa ki bloke mòn Kabrit yo, ki lakoz machin pa ka pase, mete lopital Senterèz Ench lan anba gwo difikilte pou reponn a bezwen «ka» pasyan yo nesesite akoz materyèl medikal yo pa genyen. Se sa Doktè Prince Pierre Sonson deklare vandredi 13 oktòb 2023 a.

Direktè Medikal enstitisyon sanitè a, Doktè Prince Pierre Sonson rankontre ak laprès nan vandredi maten, pou fè konnen se anba gwo difikilte yo menm kòm responsab lopital la ap fonksyone. Pa egzanp, anpil ekzamen ak operasyon pa ka fèt. Pi lwen, li lanse yon vibran apèl ak tout bandi «Ak sapat» e bandi «Ak vès» ki bloke wout yo, kote li mande pou yo bay chans a lopital yo nan tout peyi an ki vle bay popilasyon swen sante.

Doktè Prince ki mande sipò ak kolaborasyon tout moun pou ede yo fè fas kare ak sitiyasyon difisil y ap andire nan lopital Ench lan, deklare yo pa sispann resevwa pasyan ki sòti o nivo diferan lòt depatman nan peyi a.

Jacquelin Napoléon, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841