Bandi yo vle kite Ayiti ak tout fòs, aprè yo fin kraze peyi a epi souse san mas pèp defavorize a ki se pwòp sanblab yo ankò

Yon bò, Cleevens Degazon ki genyen yon ti non jwèt ki se Man, se polisye sa a lapolis te akize kòm youn nan alye fidèl chèf gang ki rele Krisla a. Prezime Polisye-gang nan te jwenn arestasyon li byen bonè maten dimanch 1e oktòb 2023 a nan Ayewopò Entènasyonal Okap Ayisyen an. Selon sous nou, Gleevens t ap ale Etazini nan kad pwogram Biden nan.

Yon lòt bò, Sidolixe James Smith ki gen non vanyan li ki se Jimmy, se yon prezime bandi ki soti nan gang Vitelhomme ap dirije a, ki jwenn arestasyon li jedi 05 oktòb 2023 a nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture an Ayiti, pandan l t ap pral vwayaje pou antre Ozetazini (Miami).

N ap fè remake, depi kèk jou yon bon pati nan bandi yo atravè chèf gang yo pa sispann boule komisarya andedan peyi a, se ka Sodo, Onavil ak Tomazo pandan dènye semèn mwa septanm nan. Konsa tou, genyen yon pati ladan ki yo menm santi «BWA KALE» ap rive sou yo seryezman, oblije tante lagè pye yo nan kèk lòt peyi.

Finalman, selon konsta divès sitwayen Ayisyen kou Letranje, sosye Ayisyèn nan dwe toujou sonje se atravè kreyasyon ak miltiplikasyon gang yo nan prèske tout peyi a, gouvènman Ariel Henry ap dirije a pran pretèks non sèlman pou fin kraze premye pèp nwa lib la sou tout latè a, men tou pou apiye epi mande fòs miltinasyonal etranje vini kontinye foule sòl sakre papa Dessalines nan.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841