Asasina prezidan Jovenel Moïse: Biwo afè kriminèl nan yon rapò 36 paj mande Jij enstwiksyon Walter Wesser Voltaire, pou li mete manda rale mennen vini dèyè; Wendelle Coq Thelot, Ashkard Joseph Pierre, Francis Alexis Cinéas, Line Balthazar, Dr Harrison Ernest, Vitelhomme Innoncent.

Se jounen vandredi 1 septanm 2023 a, radio télé métronome ekri pou di aprè yon sous nan DCPJ li genyen ki bali yon kopi rapò saa ki genyen 36 paj, Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) aprè 2 lane mande Jij Enstwiksyon ki sou dosye ansyen prezidan an pou li lage manda dèyè moun nou site pi wo yo akoz yo genyen men yo tranpe nan asasina Prezidan Jovenel Moïse.

Toujou selon rapò BAC la, yo di aprè yo fin fè otopsi kadav prezidan an yo jwenn vant prezidan an dechire, kràn tèt li defòme epi yo jwenn twou nan fwon li.

Anketè yo konkli pou di avèk prèv yo genyen yo jwenn asasina Prezidan se tout yon long planifikasyon pa otè ak ko-otè.

N ap raple se nan dat 7 jiyè 2021 yon group mesène rantre lakay Ansyen Prezidan Jovenel Moïse epi asasinel britalman.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....