Esther Pierre, yon jèn fanm ki genyen 36 lane ki kòmanse anseye Anglè depi a 18 lane ki se moun akayè depatman Lwès ranpòte 3zyèm edisyon gwo konkou P4H global kòm profesè nasyonal ane a (PWONA)-2023 epi yon lòt fanm ki se Marie-Ange Nore Pierre Depatman sant soti 2zyèm kote te genyen plis pase 2500 anseyan ki te nan kous la.

Loreya Esther Pierre ki t ap pale fè konnen li vrèman kontan ranpòte prim sa a nan karyè profesyonèl li. Li kontinye pou di anseye mande anpil kouraj ak pasyans sitou nan yon peyi kote profesè yo manke jwenn ankadreman nan travay li, prim sa a ap bali plis fòs pou li kontinye travay pou yon edikasyon de kalite.

Minis Edikasyon Nasyonal la Nesmy Manigat te profite bay konsèy ak tout 10 finalis konkou a pou di yo se yon gwo responsabilite yo genyen sou do yo nan Depatman yo soti a paske yo soti gayan. Li di yo dwe toujou rete yon modèl egzanp pou tout lòt anseyan yo paske pwojektè a limen sou yo. Yo dwe toujou rete yon moun moral epi entèg kòm referans.

Doktè Berthude Albert ki se PDG òganizasyon P4H global, te montre gwo kontantman li genyen pou konkou a ki reyisi 100% pou yon 3zyèm fwa ankò. Li fè konnen òganizasyon an ap kontinye onore profesè yo ki se senbòl kouraj. Objektif nou se rann omaj, se valorize profesyon anseyan an e nou prèske pa ka tann pou nou onore lòt anseyan ankò pou 4èm edisyon konkou a ki deja programe se sa li te deklare.

Bòkote pa direktris fondasyon DIJICEL Ayiti a Sophia Stransky fè kwè edikasyon se priyorite yo nan fondasyon an, e li profite salye kouraj profesè yo ki pa genyen pri nan travay yo. Anplis, li profite bay yon bilan travay fondasyon an fè pandan li di y ap kontinye sipòte konkou PWONA P4H global reyalize.

Nan 15 lane Sophia fè konnen yo envesti 83,4 milyon dola ameriken nan projè ki rive touche anviwon 1.3 milyon moun. Yo rive konstwi 190 lekòl, yo sipòte 346 projè kominotè epi finanse 63 antrepriz sosyal Ayiti.

N ap raple aprè Esther Pierre ki soti an 1ye pozisyon ki se loreya konkou a, genyen Marie-Ange Nore Pierre (Depatman Sant) ki soti an 2èm, Jasmin Jean ( Nò) soti an 3èm genyen tou Jean Peronne Milius, (depatman Latibonit) ki ranpòte pri piblik la; Matineau Lestin (Grandans), Sarah-Lindsay (Nip), Daphney Lucarne Semajuste (Nòdès); Phraselème Dupré (Nòdwès); Anis Franck (Sid) ak Jude-Arsène Zéphyr (Sidès). Se chak depatman ki genyen yon finalis. Epi Esther Pierre, Loreya ap jwenn 2 000 dola Ameriken plis yon laptòp epi lòt 9 finalis yo ap jwenn 1000 dola Ameriken chak ak yon laptòp.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....