Fòs lòd yo nan Latibonit mare kou krab Belando ki se yon prèt vodou ak manm aktif gang Kokorat San Ras vandredi 02 jen 2023 a nan zòn La Croix Périsse, 1e seksyon kominal nan Lestè, depatman Latibonit. Yo te jwenn yon zam afe kalib 9mm nan men li. Pou kounye a, li nan prizon annatandan yo fè suit legal ki nesesè yo.

Selon PNH, lapolis nan depatman Latibonit kontinye ap goumen kont krim òganize nan rejyon an, pou demonte tout sant gang ki gen yon sèl tandans kreye panik nan mitan manm popilasyon an.

Yon lòt kote, Lapolis rekipere 2 fizi otomatik ki se pwopriyete enstitisyon an, aprè echanj kout zam ki te genyen ant Fòs lòd yo avèk yon gwoup bandi ki sòti Gran Ravin nan dat mèkredi 31 me 2023 a.

Bandi te pran 2 zam sa yo (Galil ACE21 nimewo seri 43103533, Galil AC22 nimewo seri 43103532) aprè atak yo te fè sou antèn Savan Pistach la nan Kafou Fèy, kote gen yon polisye ki te pèdi lavi l. Sa te pase nan dat 10 novanm 2022.

Toujou selon responsab yo, Polis la rete mobilize epi ap kontinye devlope estrateji nesesè pou kanpe anfas tout bandi ki vle kenbe popilasyon an otaj akoz vyolans ak laperèz y ap chache enpoze nan plizyè katye.

Depi lansman operasyon Tònad 1 an, nan mwa janvye pase a, gen plis pase 70 zam lapolis rive rekipere, plis pase 2 600 katouch konfiske ak 2 730 arestasyon ki fèt nan tout peyi a, se sa PNH fè konnen.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841