An prezans divès kouch sosyal, APA prezante yon aktivite ki similè ak vizyon epi misyon yo

«Anseye Pou Ayiti» ki se yon jèn estrikti edikatif k ap evolye an Ayiti, yon mouvman ki la pou ekipe yon rezo lidè Ayisyen, pou pèmèt tout aprenan jwenn bon ledikasyon, reyalize jounen vandredi 26 me 2023 yon mega aktivite nan Mibalè ki, paralèlman, make premye konferans yo anba tèm «Pa gen chanjman san Enpak, an n enfliyanse».

Divès lòt aktivite tankou defile kreyòl, prestasyon mizikal, Koregrafi, bèl dans te fè objè jounen konferans sila, ki te kòmanse vè 8 tè nan maten epi fini vè 4 trè nan aprè midi.

Pou listwa, responsab yo te pale de Anseye Pou Ayiti ki pran nesans nan lane 2014, e li gen 3 gran faz nan kad evolisyon li. Faz 1 (Sal klas) : APA envesti nan lidèchip divès anseyan, nan sousi pou ogmante kapasite yo pou mye oryante aprenan yo.

Faz 2 (Kominote modèl) : Apati lane 2019, non sèlman yo fòme anseyan ak aprenan yo, men tou yo bay fòmasyon ak paran epi Direktè lekòl yo, pou konstwi yon sistèm edikasyon ekitab, ki jwenn baz li nan listwa, idantite, kilti pèp Ayisyen an.

Faz 3 (Enfliyans Nasyonal): Y ap gen pou batay pou enfliyanse sistèm edikasyon an o nivo nasyonal. Kolabore, fè konbit, reflechi, aji, se kèk valè y ap kiltive pou atenn objektif la.

Pi lwen, yo te prezante gran aktè Ayisyen «Smoye Noisy» ki jwe nan fim sa yo : «Roye les Voila», «Cap à la une», «VIP», «Millionnaire par Erreur», «Le Miracle de la foi»… Yo te remèt yon plak donè bay Direktè adjwen Edikasyon Sant lan, M. Diquessi Germain.

Yo te fè prezantasyon diferan depatman ki kwafe APA : Rekritman Seleksyon ak Imatrikilasyon (RSI) Devlopman Pwofesyonèl (DP), Anbasadè ak Patenarya (AP), OPREH, Klas Pa m epi Lakou Kajou…

Kòdonatè depatman anbasadè e patenarya (AP) nan Anseye pou Ayiti a, Soulouque Rolf Phanel te pale ak Centre à la UNE pou di li kontan anpil pou reyisit premye edisyon konferans lan. Li fè konnen yo te rive riyini anviwon 300 moun ki se anseyan lidè, paran, direktè lekòl, ak lòt sitwayen enfliyan.

Li rapousib pou di pa ka genyen chanjman dirab san enpak, se pou sa yo te ransanble diferan kouch moun sa yo pou yo reflechi pou yo konprann yo chak yo genyen yon responsabilite atravè fanmi yo, group fonksyonman yo, kominote yo pou yo enfliyanse pou atenn yon chanjman reyèl Ayiti.

«Sa genyen anviwon 8 lane depi m lekòl «Petite orchidée de Mirebalais» n ap kolabore ak APA nan kad program yo a, mwen konsyan yo fè anpil jefò nan sistèm edikasyon an, se sak fè mwen la poum te ankoraje nouvo inisyativ sa yo pran an ki se òganize konferans, pou mwen ki se yon reyisit total pou premye lanse a» . Se konsa Mesye Wildo Cadet ki se direktè lekòl «petite Orchidée» te pale pandan patisipasyon l nan konferans lan.

Madam Rosena Cheramy JOSEPH ki se responsab yon lekòl nan Ench, temwaye pou di «aktivite sa vrèman enpakte li e deja li pran angajman pou ale pataje konesans li ranmase nan konferans lan ak lòt moun nan kominote li pou pou plis enpak. Menm jan kalite travay yon anseyan lidè ki te ki t ap travay nan yon lekòl l ap dirije Ench te pousel rantre nan Anseye pou Ayiti pou dekouvri gwo eksplwa ki ap fèt, se menm jan an li pral enfliyanse lòt moun nan anvironmanl pou chanjman dirab la ka rive fèt.

Misyon APA se rekrite, fòme anseyan pou transfòme, devlope yon nivo lidèchip konsiderab lakay yo, ki kapab pèmèt transmèt ak aprenan yo bon jan konesans pou devlope tout posyalite yo, sa k ap ede yo pwospere epi kontribye nan bonè 21èm syèk la.

Vizyon yo se pèmèt lè aprenan yo genyen 25 lane, pou yo granmoun tèt yo ekonomikman e gen kapasite nesesè pou ede antouraj li kòm yon vrè sitwayen aktif, ekilibre. Se pèmèt yo fyè de rasin yo, kilti ak idantite yo kòm Ayisyen epi gen kapasite pou pote kontribisyon yo sou plan nasyonal ak entènasyonal.

APA genyen 5 gran kominote li fonksyone (Mibalè, Ench, Boukan Kare, Gonayiv ak Gwomòn), ki angloble 116 lekòl patnè. Pwogram nan genyen 471 Sitwayen-Lidè epi rezilta Aprenan-Lidè yo fòme yo leve a 85%, swa pratikman 2 fwa mwayèn nasyonal la ki nan 41%.

Aparamman, Anseye Pou Ayiti moutre li se yon estrikti rasyonèl, byen solid, ekilibre, ki kwafe ak divès objektif byen defini tankou : Anseye, Defann epi Valorize lang ak kilti kreyòl la, Chanje, Enpakte, Enfliyanse, Moute yon pwojè nan benefis Jenerasyon lane 2000 la.

Sérondier Louisia, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841