Jounen 25 me 2023 a make egzakteman 1 mwa avan Grenadye yo antre nan batay anfas peyi Qatar nan Gold-Cup la. Match k ap jwe nan vil Houston, nan peyi Etazini. Selon kalandriye a, a 6:00 nan aprè midi dimanch 25 jwen an, Ayiti pral fè 1e gwo soti li nan Gold-Cup pou ane sa a fas ak Qatar.

N ap raple, nan lane 2019, Ayiti te fè yon trè bèl pèfòmans nan chanpyona sa a, kote peyi a te bat 5 match afile, san pèdi youn, ni fè yon nil, soti nan faz de poul pou rive nan 1/4 de final: Ayiti te bat Bèmid 2-1, Nikatagwa 2-0, Kostarika 2-1, Kanada 3-2, malgre Kanada t ap mennen 2-0 nan 1e mitan an, men malerezman yon abit peyi Qatar ki se Abdulrahman Al-Jassim te fè Meksik kado yon penalite nan 93èm minit, sa ki ta pral elimine peyi papa Desalin nan.

Yon eliminasyon okenn Ayisyen pa t espere, paske non sèlman Ayiti pa t ko pèdi menm yon sèl match nan chanpyona a pou lane 2019 la, men seleksyon an te kenbe tèt ak Meksik jiska 90èm minit tan reglemantè yo. Sa vle di, si se te nan faz de poul, se match nil (0 vs 0) li t ap ye. Se nan 3èm minit tan reglemantè yo, pou anpil moun, mesyedam yo kreye yon penal bay Meksik.

Pou rapèl, Ayiti chanpyon nan lane 1973 nan GoldCup la, ki te 6è edisyon an sou Trinidad e Tabago. Li finalis nan lane 1971 anfas Meksik epi 1977 anfas Meksik. Premye repiblik nwa a te jwe pou 3è plas nan lane 2019 anfas Jamayik.

Grenadye yo k ap selebre viktwa yo.

Nan Gold-Cup la, pou lane 2023 a, Ayiti okipe 10èm plas la, li plase avan kèk peyi tankou Kiba ak Jamayik epi li genyen 50 pwen.

Finalman, pou 25 jwen 2023 k ap vini la a, seleksyon Ayisyèn nan pral patisipe pou yon lòt fwa nan Gold-Cup sa a. Pou anpil Ayisyen tizè boul k ap kòmante, yo fè konnen pou remèt abit peyi Qatar a sa li te fè peyi a anfas Mesik la, y ap tann revanch yo anfas seleksyon Katari a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...