Selon sa televizyon ameriken CBS rapòte ayè lendi 22 me 2023 a, sèvis sitwayènte imigrasyon ameriken deja anrejistre depi kòmansman program nan rive fen mwa avril la 1.5 milyon demand nan kad program Biden nan.

Plis pase 580 000 dosye nan tretman pou ayisyen, 380 000 pou kiben, 120 mil pou venezyelyen ak 20 000 nikaragweyen. Done sa yo soti nan sèvis imigrasyon peyi etazini.

Selon done ki soti nan ministè enteryè Etazini, peyi a resevwa anviwon 12 000 demand chak jou nan kad program imanitè Biden nan, kote sponsò ayisyen, kiben, nikaragweyen ak venezyelyen.

Toujou selon chèn televizyon CBS nan 3 jou sèlman yo gentan franchi bawo 30.000 migran ke y ap pran pa mwa a. Sa ki fè konprann li posib pou mwatye nan kantite moun ki aplike yo pa rive valide diran 2 lane.
Alòske 80%nan dosye yo analize yo valide. Sa ki fè anpil dosye pa rive evalye. Konsa gen moun ki gen plis pase 3 mwa depi yo aplike pou yo ap soufri.

Fas ak volim demann ki fèt yo ki deja depase, USCIS lanse yon plan kote yo seleksyone yon kantite dosye epi rès yo ap analize suivan yon tiraj aleyatwa (sak pasel pasel)

N ap siyale nan kad program saa genyen deja anviwon 100 000 benefisyè ki rantre Etazini.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....