Gadyen Ayisyen Johny Placide ap jwe yon trè bèl sezon nan «Ligue 2» a an Frans ak foutbòl klèb «Bastia» a. Samedi 20 me 2023 a, foutbòl klèb Bastia bat FC Pau (6-2) gras ak yon vibran Placide ki retire anpil balon epi rive estope yon penalite sou 2 yo tire sou li.

Sou 36 jounen ki deja ekoule yo, Placide jwe majorite match yo 32/36 e sove klèb la a plizyè repriz. Pou kounye a, klèb la nan 4èm plas nan klasman an ak 59 pwen, kote se sèlman 12 pwen ki separe l de premye ekip la (Le Havre) ki gen 71 pwen.

Frantzdy Pierrot ki se yon atakan pwent Ayisyen k ap jwe nan foutbòl klèb Maccabi Haïfa nan «Premier League israélien» an, chanpyon samdi 20 me 2023 a aprè yo fin bat Hapoel Jerusalem 5-0. Pou sezon an ki pa ko fini, Pierrot deja make 15 gòl, li fè 8 pas desizif, pou 47 match li jwe. N ap note, klèb Maccabi a kalifye pou lig dèchanpyon 2023-2024 la.

Duckens Nazon ki se yon avan-sant Ayisyen k ap jwe nan chanpyona «Parva Liga» a nan peyi Bilgari, deja make pou sezon an 19 gòl, pou 33 match li jwe. Aprè yon match nil (2-2) klèb Nazon an «CSKA-Sofia» fè fas ak foutbòl klèb Ludogorets la 20 me 2023 a, klèb Sezon an plase an 2èm pozisyon, li gen 77 pwen ki plase l tou suit dèyè Ludogorets la ki gen 78 pwen.

«Florida National University» ki se nouvo klèb Nahomie Ambroise, gadyèn seleksyon Ayisyèn kategori senyò «fanm nan», onore jwè a ak yon plak, pandan yon  seremoni yo t ap fè pou li 21 me 2023 a.

Aswè lendi ki te 15 me 2023 a, Melchie Dumornay ki se atakan ekip feminen «Stade de Reims» lan, ranpòte twofe pi bon espwa ak revelasyon chanpyona «D1Arkema» Fransè a pou sezon 2022-2023 a. Melchie reyalize 8 gòl ak 5 pas desizif pandan sezon an, pou 16 match li jwe nan chanpyona a. Li fè pati 11 tip pou sezon an.

De plis, Corventina Dumornay se youn nan potansyèl kandida pou twofe «UNFP» a, kote rezilta yo ap disponib 28 me 2023 a, toujou nan D1 Arkema a, ki reprezante meyè lespwa foutbòl fanm an Frans. Li fè pati 5 pi bon jwè sezon 2022-2023 sa yo ki se: Becho, M. Dumornay, Fazer, Fontaine ak Sombath.

Finalman, divès sitwayen k ap reflechi, kwè Ayiti se yon peyi beni. An depi de tout neglijans ak iresponsablite responsab yo nan peyi a, an patikilye nan mond foutbòl la, peyi Desalin nan kontinye reprezante valableman nan kontinan ewopeyen an nan mond foutbòl la.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...