Wo Konsèy Tranzisyon Ayiti (HCT) anonse nan dat 23 ak 24 mas 2023 a, y ap chita pou fè yon dyalòg politik ak divès sektè nan vi nasyonal la sou plizyè tematik.

Wo Konsèy Tranzisyon Ayiti a a fè konnen nan bon jan kolaborasyon ak gouvènman Ariel Henry a, yo pral diskite koze bòn gouvènans, sekirite, dosye sosyo-ekonomik, refòm konstitisyonèl ak eleksyon 23 ak 24 mas 2023 a ki ap proche laa.

Nan kad dyalòg sila diferan tèm ki site yo pral debat epi fè atelye pou jwenn propozisyon solisyon fas ak diferan problèm yo.

Yon lòt kote BINUH felisite HCT a pou efò l ap fè pou òganize yon fowòm politik 23 ak 24 me 2023 a. Yo di yo ankouraje tout pitit peyi a pou yo mete men yo ansanm nan demach sa a, pou fè avanse dyalòg sou sekirite, refòm ki dwe fèt, bon jan gouvènans ak mezi sosio-ekonomik yo.

Divès sektè konfime efektivman yo deja resevwa lèt envitasyon pou dyalòg sila.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841