Òganizasyon Fanm pou Devlopman komin Tomasik (OFDT) ki se yon benefisyè, bat bravo lendi 22 me 2023 a pou fason Asosiyasyon Saj Fam Ayiti (ASFH) ap egzekite atravè OCB yo, pwojè fòmasyon ak sansibilizasyon kont tout fòm vyolans k ap fèt sou fanm ak ti fi, ki gen gwo konsekans nan sosyete a.

OFDT ki kwè Leta a li menm se youn nan pi gwo nan sous vyolans, sitou sou medam yo, plede anfavè yon leta fò anndan peyi a, pou rive fè respekte tou dwa medam yo, kote anpil fwa se negosisyasyon ki pou mete yo nan yon pòs, malgre konpetans ak kapasite yo.

Madam Delicieuse Paul, kòdonatris OFDT, ki ankouraje jan de pwrojè sa yo, fè deklarasyon sa 22 me 2023 nan okazyon ekip ASFH la t ap òganize rankont evalyasyon 3 premye mwa aktivite yo deja reyalize nan kad pwojè sa a ki etabli atravè 3 komin nan depatman sant lan, ki se Laskawobas, Beladè ak Tomasik.

Pwogram sa a la pou yon dire 6 mwa selon Mesye Joël FAMEUX ak Mis Loudemia ANTOINE, ki se 2 mobilizatè nan kad pwojè sila k ap egzekite depi mas 2023 nan wo ak ba plato santral. Fòmasyon atravè OCB yo, ak emisyon radyo fonik se kèk pami aktivite ASFH òganize nan kad batay kont vyolans sou fanm ak ti fi yo.

Depi komin Tomasik, Jacquelin NAPOLÉON pou Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841