Karl Udson AZOR se yon jèn gason 30 lane ki sakrifye tèt li sou plas Vètyè a nan Okap Ayisyen dimanch 21 me 2023 a nan aprè midi.

Selon sa temwen yo rapòte, jenòm nan parèt, li retire bòt li nan pye l, li depoze yo sou yon drapo Ayisyen li te pote, separe plizyè biyè 1000 goud ki te sou li ak moun ki te la, aprè li chita sou yon chèz li te vini avè l, li vide gazolin sou kò l epi pase alimèt bay tèt li dife.

Yon sèn ki filme e ki pataje sou rezo sosyal yo, ki lage anpil kesyonman bò kote ayisyen yo.

AZOR ki fèt 4 fevriye 2023 nan Depatman Nò Ayiti malerezman pat esplike pèsòn moun ki t ap obsève aksyon li an rezon zak la.

Azò poze aksyon sila nan yon kontèks kote peyi Ayiti ap fè fas yon pakèt problèm tankou: ensekite, kidnapin, chomaj, grangou ak yon kriz politik san parèy kote kominote entènasyonal la ap pase peyi a nan betiz sou sou enkonpetans otorite aktyèl yo ak elit peyi a.

Aksyon an poze tou 3 jou aprè fèt drapo a ki te dwe fete akayè men gouvènman an te chwazi al fete li nan kap Ayisyen kote anpil moun te lonje dwèt sou lidè pitit Dessalines nan ansyen Senatè Jean Charles Moïse yo di ki pran kòb nan men gouvènman an pou te fasilite reyisit aktivite a. Yon enfòmasyon ansyen Senatè a te voye jete byen lwen.

Men tou, yon video ki ap fè lavironn dede sou entènèt la montre ansyen depite ki se aktyèl manb pouvwa ki ap distribiye biyè 500 goud ak kèk moun. Yon aksyon anpil moun kritike.

Anpil moun ap poze kesyon pou mande èske se pa ta endiyasyon, dezespwa, problèm peyi ki ta AZOR sakrifye tèt li?

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....