Yon delegasyon ki te gen nan tèt li direktè jeneral DINEPA a, Ing Guitho Edouard, vizite vil gonayiv
Mèkredi 17 me 2023 a. Objektif vizit sa a lye ak lansman travay reyabilitasyon 90 000 kilomèt tiyo ki mache ak sistèm dlo potab nan komin Gonayiv.

Nan entèvansyon l, direktè Edouard deklare se yon pwojè k ap dire 18 mwa, ki jwenn sipò Bank Entè-amerikèn pou Devlopman (BID), k ap koute 7 480 684 dola ameriken. Ing Edouard fè konnen pou kenbe rezo dlo yo rete anvi aprè reyalizasyon travay sa yo, chak abòne dwe kontribye pou achte gaz, klowòks, pwodwi chimik, repare gwoup elektrojèn yo ak entran pou garanti potabilite dlo a k ap pèmèt yo rive peye ti pèsonèl yo.

Mr Guitho Edouard di deja genyen 8 konntenè ki nan vil Okap k ap gen pou antre nan vil Gonayiv aprè selebrasyon fèt drapo a. Li anonse popilasyon Gonayivyèn nan ap gen gwo deranjman nan kad reyalizasyon travay yo, pandan l fè konnen gen lajan nan pwojè a lòske yo ta rive kraze kèlkeswa yon espas pou pase tiyo pou repare l kòm sa dwa.

Pi lwen, M. Edouard fè konnen fim egzekisyon an ki se «TECINA», dwe travay nan tèt kole ak fim sipevizyon an «CECOM Techiplan» aprè yo fin valide travay yo pou yo kapab voye l bay BID ki te lèse Ayiti depi nan mwa mas 2020 lakòz ensekirite, puiske lajan an se nan BID li ye. Direktè jeneral DINEPA a fini pou di pwojè sa a pral fasilite plizyè milye fanmi jwenn dlo potab pou yo sèvi nan site endepandans lan.

Direktè OREPA SANT lan, ING Theophil Ostinvil bò kote pa l, deklare plizyè katastwòf natirèl ki frape vil Gonayiv lakòz divès rezo dlo yo andomaje, e se yon vil ki genyen pi gwo enfrastrikti idwolik ki pi solid andedan peyi a.

Ing Ostinvil di sa fè lontan, sou anpil Direktè ki pase, yo rive sou Direktè Guitho ki ede yo fè gwo batay nan lide pou wè kòman yo te ka jwenn yon patnè entènasyonal pou dote site endepandans lan de yon rezo dlo pou sa li reprezante istorik, jewografikman ak kantite moun k ap viv ladan l.

Nimewo en orepa sant lan te pwofite okazyon an pou fè konnen zòn ki pral benefisye travay sa yo nan sant vil Gonayiv pami yo genyen: Pon goden, Byenak, Gatwo, Valira,kl Kafou Gwomòn, Vlilagadèwout basen ak Bretay. ING Theophil di nan jou k ap vini la yo nan komin Laskawobas, yo pral mete yon rezo dlo flanbannèf pou sèvi popilasyon an.

Li pale tou se Sen-Michèl Delatay, kote 6 sayèp deja repare epi nan komin Gwomòn 6 rezo dlo repare, toujou nan kad seri reyalizasyon aktivite pwojè yo pou pèmet popilasyon k ap viv nan komin sa yo jwenn bon jan dlo potab pou sèvi, pandan y ap travay pou seksyon Lagon ak Answouj kapab benefisye pwojè sa k ap konnen gwo pwoblèm pou jwenn dlo gras ak finansman UNICEF.

Finalman, li mande kolaborasyon tout sektè nan site endepandans lan, pou travay rezo dlo sa yo kapab rive reyalize.

Prezidan katèl enterimè Gonayiv la, Donald Dirogène ak 2èm manb lan, Badio Fontaine, remèsye e felisite (BID) k ap pèmèt popilasyon site endepandans lan jwenn dlo, pandan yo mande ak konpayi TECINA S.A pran responsabilite l pou byen reyalize travay sa yo, puiske gen plizyè lòt travay li estime konpayi sa fè ki pa rive nan bout yo nan katriyèm vil peyi a.

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841