Sa k te pase Akayè nan dat 18 me 1803 a, kijan istoryen yo gade peryòd ak evenman sila

Divès Istoryen ki ekri sou kreyasyon drapo Ayisyen an fè konnen nan vil Akayè, nan dat 18 me 1803, drapo sila te pran nesans atravè yon gwo chita pale ant Jan Jak Desalin ak Aleksann Sabès Petyon, nan sousi pou kouri dèyè diferans ideyolojik ki t ap toupizi nwa ak milat yo, e pèmèt yo ini yo kòm yon sèl moun, nan sousi pou elimine advèsè yo nan epòk la ki se te kolon blan fransè yo.

Nan liv li ki rele «Histoire du peuple Haïtien, 1492-1952», nan paj 90, Dantès Bellegarde ekri :»La question fut en conséquence portée à l’ordre du jour de la conférence militaire et discutée à la séance du 18 mai. Le général en chef proposa d’enlever du drapeau français la tranche blanche et d’inscrire sur les deux autres, en lieu et place des lettres R. F., la légende : «Liberté ou la Mort.» Ainsi fut-il décidé.

Wesner Emmanuel, nan «Manuel unique d’histoire » nan paj 104, ekri nan tèm sa a: Le 18 mai, à la dernière séance, la question du drapeau est posée. Dessalines, pour marquer l’union des Noirs et des Mulâtres, arrache le blanc du drapeau français et à l’Archaie, une humble couturière, Catherine Flon, aura le privilège de rattacher le bleu au rouge et les congressistes décident d’inscrire sur le drapeau la devise : «Liberté ou la Mort.»

Selon sa www.haiticulture.ch te pibliye nan lane 2021, men sa nou li: En février 1803, à la Petite Rivière de l’Artibonite, Jean-Jacques Dessalines, le chef des insurgés Noirs et Alexandre Pétion, le leader des Mulâtres, décidèrent de ne plus combattre aux côtés des Français. Lors du Congrès de l’Arcahaie, le 18 mai 1803, Dessalines ôta la bande blanche de l’emblème colonial pour donner naissance au premier étendard haïtien symbolisant l’union des Mulâtres et des Noirs dans la lutte pour leur liberté.

Il y fit inscrire la devise « Liberté ou la Mort ». Dessalines fut alors nommé Général en chef de l’armée de l’insurrection. Catherine Flon, belle-fille de l’épouse de Dessalines, fut chargée de recoudre les deux bandes, bleu et rouge…. https://www.haiticulture.ch/Drapeau_national.html. Se menm pozisyon sa a Igor Rembotte genyen nan yon tèks li te pibliye 18 me 2013 sou kesyon kreyasyon drapo a.

Drapo ayisyen an depi 1987

Men lyen nou ka tande emisyon Soukar la : https://www.vidmateapp.com/subpub/yqh5/site?url=aHR0cHM6Ly93d3cueW91dHViZS5jb20vd2F0Y2g/dj05VVFnakRWN3plUQ==&f=sy

Pou jistifye tèz li a, istoryen Michel Soukar di se depi nan mwa fevriye 1803 Desalin te retire pati blan ki te nan drapo fransè a, e se nan Ti Rivyè Latibonit sa te pase, kote drapo a te vini ble ak wouj, epi ladan l yo make : «Liberté ou la Mort.» Desalin te fè sa, se paske kolon fransè yo te kwè puiske yo toujou kenbe drapo fransè a, sa tradui yo vle toujou rete anba dominasyon Lafrans.

Toujou selon Soukar, rakont ki te fèt 18 me 1803 a nan Akayè a ki se te baz Petyon, li lye ak Pierre Cangé ki se te alye e reprezantan dirèk Lamour Dérance ki te chita ak Desalin epi Petyon, nan sousi pou mande Dérance yon pasaj nan (Lewogàn, Tigwav, Grangwav) pou voye zam bay jeneral Nicolas Geffrard ki t ap batay nan Sid peyi a kont blan fransè yo.

Nan yon rapò yon ofisye fransè ki rele Bot te fè, li rakonte yo te jwenn yon drapo Nwa ak Wouj ki manke «Liberté ou la Mort». Sa pase aprè twoup fransèz la te fin fizye divès sòlda ki te nan yon bato ki te genyen yon sèten Jean Pierre ki t ap soti nan rankont Akayè a, jou 18 me 1803 a. Yo pa t jwenn okenn prèv te g on drapo Ble ak Wouj nan bato a.

Istoryen an kontinye pou di nan demen 19 me 1803 a, Desalin te ekri Geffrard yon lèt, nan objektif pou aprann li Lamour Dérance ba yo pasaj pou pèmèt voye zam ak minisyon pou li kontinye lit yo nan Sid peyi a. Nan lèt la, Desalin pa t mansyone kesyon drapo a ditou. Selon Soukar, kreyasyon yon drapo a ki se yon bagay si enpòtan, pa t ap pa nan lèt Desalin nan.

Pou fini, Michel Soukar raple genyen gran distenksyon ki kapab tabli ant listwa, mit, kwayans, lejand… Pou istoryen an, drapo Ayisyen an pa t kreye nan dat 18 me 1803, ni se pa t Akayè drapo a te kreye, puiske Desalin te deja kreye premye drapo Ayiti a nan mwa fevriye 1803, lè l te retire pati blan an e kite nwa ak wouj la.

N ap note, koulè ak fòm drapo yo an Ayiti chanje pandan plizyè peryòd, pou pi piti 9 fwa, sou diferan gouvènman nan listwa peyi a. Finalman, èske ta genyen yon lòt konplo kont Ayiti nan koze drapo a, ki se reprezantasyon ak siy vizit egzistans patri Ayisyèn nan ?

Sérondier LOUISIA, Centre à UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...