Fòs lòd yo nan Repiblik Dominikèn arete 4 prezime gang baz Vitelòm epi remèt yo ak lapolis nan vil Beladè depatman Sant Ayiti, dimanch 30 oktòb 2022 a.

Geffrard Soberne 47 ane, Ismeus Ketty 29 ane, Souverain Belanorve 33 ane, Jean Robenson 34 ane, se non 4 moun sa yo fòs lòd yo nan Repiblik Dominikèn arete de konsè ak DCPJ epi remèt yo ak otorite polisyè yo nan Beladè Ayiti.

Lapolis akize moun sa yo kòm moun ki ta fè pati group gang Vitelòm, ki espesyalize yo nan volè machin ak lòt zak ankò.

Selon yon sous pròch Centre à la UNE you n nan moun sa yo se natif Beladè e se ta li men m ki sèvi mesye sa yo antèn pou fè «deal» machin ke yo volè pase sou fwontyè Elyaspin nan.

Moun sila yo ke lapolis reproche ki ta nan gang Vitelòm nan te pase Beladè depi nan samdi 29 oktòb 2022 a, selon enfòmasyon Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) te genyen nan bon ti mamit.

Responsab DCPJ yo te enfòme fòs lòd Repiblik Dominikèn yo de moun sila yo k ap sove kite Ayiti pou antre Sendomeng, kidonk nan yon operasyon konjwent otorite Dominikèn yo ede otorite Ayisyèn yo mete lapat sou endividi sa yo.

Se konsa fòs lòd yo nan Repiblik Dominikèn ta pral mare 4 moun sa yo kou krab epi remèt yo ak komisarya Beladè a ki deja transfere yo Mibalè pou DCPJ vin chache yo pou swit legal yo.

Nan kad arestasyon sila, 2 machin sezi: yon jeep ki genyen plak li: AA-41682, ak yon lòt ki genyen mak li: GX 460 ki genyen plak li: AA-80393. Plizyè telefòn pòtab sezi ak pyès idantite.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar