Jean Fils-Aimé se yon Ayisyen otantik, tout enfòmasyon ki disponib sou li fè konnen li se yon Doktè an Tewoloji, Mèt an Istwa Medyeval, Vodowològ, Mèt nan Administrasyon Piblik (Konsiltan an Manadjment), Otè plis pase yon kezèn liv. Doktè Fils-Aimé se yon konferansye, pwofesè, mèt seremoni, gran oratè, analis politik nasyonal kou entènasyonal, animatè emisyon nan estasyon radyo CPAM depi plis pase 20 lane nan lakou Kanada. Tankou jan diferan zèv li yo moutre sa, anpil moun konkli Dòk la se yon trè bèl tèt ak yon trè bèl plim.

Ki veritab objektif Doktè Fils-Aimé vize?

An fonksyon de enfòmasyon ki disponib sou li, finalite ansanm lit Doktè a ap mennen nan tout tip sijè li abòde depi plis pase 20 lane, se pèmèt, pa mwayen itilizasyon tout zouti ak metòd syantifik yo, epi ak tout rigè sa mande, li rive pote yon ansanm diskou ak refleksyon, ki kapab kontribye nan avansman pèp nwa yo epi rive dezonbifye lespri yo.

Kèk nan plis pase 15 liv li deja pibliye soti 2007 pou rive 2022:

Pou mennen diferan lit li yo epi pwodui yon ansanm zèv tout plim tout plimay, Dòk la deja pibliye liv sa yo youn aprè lòt pa ane:

  1. Vodou, je me souviens 2007.
  2. Et si les loas n’étaient pas des diables? Une enquête à la lumière des religions comparées 2008.
  3. Les Esprits Vaudous Sont-Ils Des Diables ? 2010.
  4. Le nécessaire dialogue entre le Vaudou et la Foi Chrétienne 2010.
  5. Vaudou 101 : Une spiritualité moderne sans sorcellerie 2013.
  6. Les musulmans au Québec: Sommes-nous au bord d’une révolution moins tranquille ? Prévenir la radicalisation 2015.
  7. Sur les traces de Loubaye Dantor 2015.
  8. Les églises évangéliques en Haïti: 200 ans de zombification, Haïti, miroir d’une société en décomposition avancée, et si on recommençait? 2020.
  9. Être Noir, une fabrication occidentale, comment briser la matrice? 2021.
  10. Youn nan dènye liv li pibliye se : Toussaint Louverture, le magnifique, le sublime 2022.

Kijan li pataje konpetans li ak piblik li yo nan pwosesis dezonbifikasyon an epi resevwa lanmou yo an retou ?

Toujou selon tout enfòmasyon ki disponib sou li, nan youn nan emisyon li anime ki titre : Lumière sur le Monde, Doktè Jean Fils-Aimé deja pibliye plis pase 310 kapsil videyo ki baze sou divès sijè: Politik, Listwa, Relijyon, Espirityalite, Relasyon Entènasyonal nan benefis tout mond lan, men sitou nan pwofi 88,1 K** abòne li yo sou YouTube, 22 K moun ki renmen ak 34 K moun ki abòne ak paj fesbouk li a. Yon siy ki montre nan ki nivo divès travay akademik li yo rive sou anpil moun k ap viv nan plizyè peyi nan mond lan, sitou an Afrik ak an Ayiti, men sou tout ajan sekrè k ap travay pou Loksidan yo.

**1 K = 1000.

Anpil moun k ap analize rive konkli si Ayiti te konnen yon sèten gran Revolisyonè ak nèg bèl plim ki pa t konn pè gade blan an nan je e ki konn toujou defann tout kòz peyi a tankou: Jean Jacques Acaau, Charlemagne Péralte, Benoît Batraville, Anténor Firmin, Louis Joseph Janvier, Dumarsais Estimé…. Jodi a, 2022, peyi a kontinye konnen menm Ewo sa yo ki sanse sèlman re-enkane lakay Dòk Fils-Aimé. Kalite ak kantite sajès li epi tout pleyad angajman li pran an favè Ayiti jistifye sa.

Selon sa pwofil li prezante, l ap viv nan peyi Kanada (peyi enmi Ayiti) depi nan lane 1988 yo, malgre sa, sa pa anpeche Doktè a san pitye fas ak tout ipokrizi, deriv, mechanste, karaktè sinik tout peyi oksidantal yo genyen vizavi kontinan Afriken an ak tout lòt peyi y ap toupizi, notamman Ayiti.

An jeneral, emisyon politik li yo genyen de aspè pwofetik. Se sa menm ki rive nan kad youn nan dènye emisyon li fè sou sistèm ensekirite a an Ayiti, kote li prezante 2 objektif Etazini genyen pou mete chita okipasyon tou nèf li planifye pou Ayiti a :
A. Anpeche Lachin ak Larisi pran yon meyè desizyon pou Ayiti nan konsèy Nasyonzini an.
B. Itilize gang yo an Ayiti pou kidnape osnon tire yon ansanm gran pèsonalite andedan peyi a, nan sousi pou voye kèk mesaj klè bay sa ki pi vilnerab yo nan mas defavorize a, moutre yo aklè pa gen lòt chwa aprè aksepte yon asistans militè etranjè.

Choz di, choz fèt, 2 jou aprè emisyon an, swa nan lannwit vandredi 28 oktòb 2022 a, Ayiti aprann tris nouvèl lanmò ansyen kandida pou prezidan Eric Jean-Baptiste, ak tout yon sekirite li, yon lòt bò, yo jwenn kò 5 lòt jenn gason san vi. Èske se ta 2e objektif ameriken yo ki ta kòmanse jan Doktè Fils-Aimé te anonse sa a ?

Doktè Jean Fils-Aimé se youn nan pi gran enfliyansè pliridimansyonèl Ayiti genyen, ki bay tèt li an olokos, kontrèman ak yon kantite lòt (entelektyèl Ayisyen) ki ta ka kontribye yo menm tou nan ede Ayiti ak tout pèp nwa sou sifas tè a pa mwayen konesans yo ak tout kantite enèji yo ta ka dejage. Se youn nan divès rezon ki esplike poukisa chèn Dòk la difize enfòmasyon akademik sa yo ta dwe genyen plis Ayisyen ak moun nwa e menm moun lòt koulè ki abòne ak li, nan sousi pou pèmèt kokennchenn enfo rasyonèl l ap pataje yo rive touche plis moun posib.

«Gardons le moral, car tant que va le moral tout va!»(Dr. Jean Fils-Aimé, Ph. D.)

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...