Tout bagay pa politik men politik entèrese ak tout bagay pou reprann pawòl selèb eminan ekriven  (Nicolas Machiavel). Briyèvman politik se mwayen yo itilize pou òganize yon sosyete sa ki vle di li la pou amelyore kondsiyon vi moun yo, nan tabli estabilite ak sekirite. Objektif li se pou itilize nan bon kondisyon ak efikasman resous sosyete a. Teworisyen nan Dwa entènasyonal fè konnen leta se yon moun moral nan dwa piblik, sa ki vle di li pa materyèl, an bon kreyel ou paka touche l kidonk li bezwen moun fizik pou konplemante l,  pou reprezante l nan fason palpab, e se sak karaterize presans ak enpòtans dirijan yo.

Dirijan yo kap egzèse otorite nan non leta gen pou misyon pou yo aplike ak fè respekte lalwa, sa ki vle di asire bon fonksyònman sistèm politik la.

Dirijan vle di, mete w o sèvis popilasyon an, pou garanti byennèt kolektif lan, pandan w ap fè prèv pwobite ak enpasyalite. Popilasyon an li menm gen pou devwa chwazi reprezantan li yo atravè sifraj inivèsèl kidonk eleksyon. Eleksyon tradwi lejitimite ak pouvwa popilasyon an bay yon moun oubyen yon gwoup moun pou aji nan non l e se sa ki karakterize sistèm politik Demokrasi represantativ la.

Yon lòt kote si nou refere n ak evolisyon istwa ide politik, resi politik yo ap revele n menm peyi ki gen yon sistèm demokratik ki fò epi ki gen sa yo rele eta de dwa, kon n gen endividi yon fwa ke yo eli oubyen nomine kòm otorite nan tèt leta, souvan gen dèyè tèt yo tandans pou yo akapare oubyen konsève pouvwa a, e pou abouti ak sa, yo souvan itilize estrateji machiavelik (machiavéliques).
Sa ki petèt eksplike enstabilite kòm yon estrateji politik ki pèmet yon gwoup  moun akapare oubyen kenbe pouvwa a nan kreye divès kriz nan mezi ke sa pèmèt yo kenbe pouvwa. E jan lòt la te ka di l nan lang voltè a《 la fin justifie les moyens 》

Sou apwòch sila yo nou ka konprann ke ensekirite, gè gang, kriz gaz, se pa yon aza ni koz yon fatalite men pito se yon ansanm manèv byen òganize ke yon rejim kaskitokratik
( kakistocratie ) ap itilize nan objektif pou kenbe pouvwa a, san yo pa sousye de konsekans ak viktim yo.

Jefferson Bonissant

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841