Pale de Leta se gade pouvwa egzekitif, lejislatif ak pouvwa jidisyè.Nan ka peyi Dayiti konstisyon an rekonèt yon pouvwa egzekitif ak 2 tèt. Sa vledi yon Prezidan plis yon premye Minis. Aprè asasina Prezidan replik la Jovenel Moïse, pouvwa egzekitif la genyen yon gwo vid, se sa ki akouche Ariel Henry ke anpil moun kalifye kòm wa paske li plen pouvwa e pa genyen lòt pouvwa ki ka kontwole li pou nou ta pale de pouvwa lejislatif la ki pa egziste.

Pouvwa lejislatif la konpoze de Senatè ak depite ki pou kontwole egzekitif la epi vini ak bon jan lwa pou peyi a fonksyone. Malerezman palman Ayisyen an p ap fonksyone. Manda depite yo bout e rete sèlman 10 senatè manda yo poko fini sou 30 malerezman ki p ap regle anyen serye.

PIBLISITE PEYE

Pouvwa jidisyè a ki la pou fè respete la lwa malerezman li pa respekte nan Repiblik la. Se yon pouvwa dekriye kote kòripsyon ak enkopetans mete toutouni e avili nan sosyete a.

Malgre konsta sa yo èske nou ka di pa gen Leta?

Premye Minis Ariel Henry montre tout moun aklè li se Leta. Dayè li adresel ak nasyon an li di sa lidel di. Li pran angajman nan non Peyi a e li jwi de anpil privilèj ak lajan taks popilasyon an.

Anpil peyi ki genyen moun itil nan tèt Leta, se kote w ap jwenn chèf Leta yo yo koute kri popilasyon yo epi aji vit pou pou satisfè bezwen popilasyon an suivan demand li fè yo. Yon Leta ki pa koute vwa pèp li se yon Leta ki pa konn enpòtans pèp ki pa bay pèp valè. Èske pèp pa gen valè?

San pèp ou pa ka pale de Leta se pou sa yo di: vwa pèp se vwa Bondye. Genyen yon peyi ki montre aklè vwa pèp la se vwa Bondye tout bon vre. Nan Peyi Sri Lanka ki sitiyel nan Azi santral, te genyen prezidan ki rele Gotaya Rajapaksa, pèp Sri Lanka te reprochel de movèz gouvènans menm jan nou wè Ayiti a. Popilasyon manifeste sou manifeste prezidan Gotabaya pat janm koute. Finalman popilasyon an frape pye atè an foule, anpil zak vyolans, moun yo konfle fòs yo, yo atake rezidans prezidan, batay ak fòs lòd yo e rantre nan palè al benyen nan pisin. Malgre prezidan an te mande yo 3 jou poul ka remèt yo peyi a poul demisyone, yo te reponn prezidan yo pa kapab bali menm yon koz y ap mouri. Finalman 13 jiyè a prezidan an te oblije kouri chape poul li pou pèp la pat pasel alenfinitif. Sa montre depi pèp vle yon bagay l ap jwenn li. Èske pèp Ayisyen vle yon demen miyò tout bon vre?

Ayiti se yon peyi kote grangou, mizè ap taye banda toupatou. Dènye rapò IHSI yo bay yon enflasyon 30.5%, 115 goud se sa w ap bezwen pou pipiti selon done bank santral Ayiti. Ensekirite toupatou.

Pèp la di vi a twò chè, Leta pa tandel. Pèp la di l pa ka respire ak ensekirite, Leta pa tandel. Pèp la di l bezwen gaz nan ponp yo, Leta pa tandel. Finalman anpil kote nan Peyi a pèp la deside batay pou lavi l chanjel yon fwa pou tout. Lè Leta yon peyi refize tande kri pèp li ki about se vyolans koupe souf li fè sou pèp la, reyaksyon an dwe batay jiskobou kont Leta mechan san konsyans. Delivrans pou pèp Ayisyen an.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....