Nan lane 1998, Ministè levasyon nasyonal antann louvri inivèsite piblik nan chak depatman peyi a ke yo rele UPR(Université Publique en Région ). Lide sila vini pa rapò ak konsta ke linivèsite leta a pat gen kapasite pou resevwa kantite jèn ki fini lekòl.

Nan lane 2012, plato santral pral genyen inivèsisite pal ki se UPC (Université publique du Centre ).Akoz konfigirasyon jewografik depatman an, UPC pral tabli kòl sou 2 kanpous, younn wo plato (Ench) ak yon lòt ki sitiyel ba plato ( Mibalè). Inivèsite sila ki deja fòme anpil jèn fanm ak jèn gason nan rejyon an ta sanble ap soufri de de kòripsyon ak kliyantelis.

Aprè yon lo dokiman enpòtan Jounal Centre à la UNE dispoze sou UPC. Centre à la UNE te pale ak Direktè Administratif e finansye UPC a, M. Montas Emmanuel Bissainthe plis Rektè Narhum Lafleur sou yon aktivite ONU-FEMME te sipòte nan UPC.

PIBLISITE PEYE

Kisa aktivite sila a te ye?

Ativite sila se te yon konferans deba ki te dewoule 11 mas 2022, nan bibliyotèk Ench la anba tèm: Gason kore fanm. Li te fèt nan okazyon jounen entènasyonal dwa fanm yo.

M. Montas Emmanuel Bissainthe konfime pou Jounal Centre à la UNE genyen de grav deriv nan UPC efektivman. Li fè konnen nan kad pwogram HEFORSHE ONU-FEMME nan, genyen 720 600 goud sou lòd Rektè Narhum Lafleur, Direktè komite syantifik la M. Vladimir Vicent te resevwa 15 fevriye 2022 nan kad aktivite sila, li menm kòm administratè li pa janm resevwa oken rapò sou depans lajan sila, malgre li adrese korespondans pou mande rapò sou lajan an li pa janm jwenn li. Okontrè se menas ak aksyon entimidasyon li resevwa pito. Montas kontinye pou li di: Genyen sekretè UPC a Madam Catiana ki revoke sou Whatsapp pa Rektè Narhum Lafleur 21 desanm 2021. Anplis, genyen Dwayen FSA nan UPC a M. Obenson César ki kite peyi a ki al tann TPS USA depi plis ke 6 mwa san mete administrasyon an okouran. Sa ki kite yon gwo vid administratif nan inivèsite a. Malgre li ekri 25 mas 2022 sou sa pa genyen swivi. Okontrè M. Jules Edouard ki se manb kòdinasyon UPR (Université Publique en Région ) yo menasel lè li touche de dosye sila.

Pouki se pa a prezidan UPR yo ou te adresew ADM? R-ADM Montas: oo!! bon sa fè lontan li kite Ayiti se nan Peyi Kanada l ap viv.

Kòman li rele, e kòmanl administre UPR yo menm?

R- ADM Montas: M. Fièvre Narciste. Mwen pa ka reponn rès pati kesyon an.

Ou di ou resevwa menas, ki jan de menas, e ki prèv ou genyen?

Nan yon mesaj Whatsapp M. Jules Edouard ekrim e m ap site: » Poukisa ou ekri lèt sa Montas? Te kwè ou di ou se zanmim? Kilès ki ba ou dwa sa? Si ou wè genyen deriv nan UPC retire kòw. Se ou ki pi gwo revolisyonè aprè Jovenel nan peyi sa? Sa ou ye? «

Èske ou toujou nan Administrasyon UPC?

ADM UPC a M. Montas
kontinye pou li konfime pou jounal la Rektè Narhum Lafleur ba li yon lèt «mise à l’écart» 10 me 2022, kòm rekonpans kòm jèn gason k ap batay kont kòripsyon pou rann UPC toujou rete anvi.

M. Montas fini pou fè konnen: Li deja ekri Minis levasyon nasyonal la M. Nesmy Maniga sou dosye sila. Li mete responsab ULCC depatman Sant lan okouran tou de sitiyasyon UPC a.

Jounal Centre à la UNE te pale ak Catiana ki te sekretè UPC, li konfime efektivman li te revoke nan yon mesaj Whatsapp , pandan li pat vle di plis ak Centre à la UNE sou sak pase a.

Genyen plizyè revelasyon ADM Montas fè sou dosye IFORSHE a, kisa dosye sa ye menm?

R-Rektè Narhum: Mwen pa vle pale anpil sou dosye sila, men sa mwen ka diw, ADM. Montas Emmanuel Bissainthe pa gen dwa entèveni sou dosye UPC jiska nouvèlòd, paske yo mete li aleka. Pou dosye IFORCHI a, rapò yo deja ale jwenn IFORCHI, UPC ak responsab kòdinasyon an selon nòm yo. Si ou bezwen genyen aksè a enfòmasyon sa yo, ou ka ale nan ONU-FEMME, paske nou menm nou pa bay enfòmasyon konsa, nou p ap kraze administrasyon n ap jere a. Nou pa ka ap likide enfòmasyon enstisyon an sou plas piblik.

Kisa ou ka di sou revokasyon sekretè a pa yon mesaj Whatsapp?

R- Rektè Narhum : Nou se yon enstitisyon ki bay kontra, sa vle di, pòs nou yo gen yon dire byen defini pou yo pran fen, se mwa septanm. Nou toujou genyen peryòd pwobatwa tou pou tout kontraktyèl nou yo. Nou fè suivi administratif pou demwazèl la, nou peye l peryòd pwobatwa li a deja paske nou pat satisfè de travay li yo.

Ki dat ou te remèt rapò sa yo?

R-Rektè Narhum Lafleur :Kòm Rektè inivèsite a, mwen te resevwa rapò yo pou m fè demach yo. Mwen se vis prezidan «Réseau régional des études sur la violence basée sur le genre» pou Karayib la, ki regwoupe peyi sa yo : Haïti, Cuba, R. Dominicaine, Porto Rico.

N ap travay danble pou nou ranfòse kapasite inivèsite a ak regwoupe yo nan Plato Santral ak tout rès peyi a.

Kòman ou fè resevwa rapò pandan ADM nan di li pa janm resevwa rapò lajan sa?

Si li te ADM, se li ki t ap pran dosye sa a an men. M pa vle antre twò fon nan sa, men si nouvle rankontrem pou chita pale fas a fas si nou vle UPC grandi tout bon kòm jounalis, mwen prè pou mwen akeyi nou.

Nan yon kontèks kote dominiken san respè pou etidyan Ayisyen, anpil jèn livre yo nan delenkans.kisa nap fè pou nou sove UPC?

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar