https://centrealaune.com/2022/08/11/palmante-depatman-sant-yo-pote-lamp-nan-rara/

Ekip politik Abel Descollines felisite gwo travay infòmasyon jounal an liy « Centre à la Une » ap fè nan tout komine depatman sant la.

Jounal Centre à la Une kòmanse montre li se yon zouti ki enpòtan pou pèmèt tout moun konnen tout nouvèl kap passé tout kote nan depatman an.

Eki politik Abel Descollines swete zouti infòmasyon sila rive lwen. Gras ak infòmasyon sitwayen yo kapab pibyen konprann Epi pi byen aji.

Infòmasyon se yon zouti devlopman sa depan jan nou itilize infòmasyon.

Ekip politik Abel Descollines ap pwofite reaji sou yon atik « Centre a la Une » ki gen pou tit «  palmantè plato santral yo pote lamp nan rara «

Nan atik sa Centre a la Une pibliye yon foto okasyon kote 3 palmantè plato santral te chita menm kote . Pami 3 palmantè sa yo, nou ka remake nan Mitan imaj onorab Abel Descollines.

Ekip Abel Descollines ap pwofite atik sa pou fè kèk remak.

Wi se yon verite jan « Centre a la Une » di sa , depatman sant la chaje ak pwoblèm. Preske nan tout domèn gen difikilte. Pwoblèm dlo, edikasyon, kouran, agrikilti , santé, elatriye.

Sepandan ekip Abel Descollines vle raple pandan 2 manda Abel Descollines fè nan palman an kòm reprezantan mibalè ak Boukan kare,

Gras ak devouman, kapasite, demach Epi lidèship depite Descollines, sikonskripsyon li te reprezante a benefisye anpil Pwojè.

Reyoneman avèk lidèship Abel Descollines fè plisyè lòt komine nan depatman sant la benefisye pami kèk demach li te rivé fè. Sèten ladan yo avèk konkou kèk lòt pèsonalite.

Nou ka bay kèk exanp :

Ouvèti UPC nan lane 2012 nan mibalè ak Ench

Konstriksyon premye lekòl pwofesyonel piblik nan depatman sant la

Ouvèti biwo rejional ministè la kilti nan depatman an

Anpil dekonsantrasyon biwo leta nan sikonskripsyon Mibalè ki favorize anpil sitwayen ak sitwayèn nan depatman sant jwenn travay tankou biwo : OAVCT, OFATMA, Sant enpo DGI, ONA, Annexe Biwo Ministè komès, plisyè annexe tribinal de pè ki te pèmèt anpil Jèn avoka te kapab nomé kòm jij de pè elatriye.

Se sou manda Abel Descollines kòm depite e gras demach li ki fè 3 pami 4 seksyon kominal mibalè gen rezo kouran ki rivé ladan yo.

Rezo a fèt nan dènye seksyon kominal ki potko genyen kouran Men se fini pwojè poko janm fini akòz chèf ki nan pouvwa ekzekitif bloke dekese lajan ki te nan bidjè pou sa . Nou vle pale de seksyon krèt brilé.

Plisyè pwojè dlo ak ledikasyon reyalize sou manda Abel Descollines e gras ak demach Abel Descollines.

Plisyè pwojè infrastrikti ak renovasyon ibèn reyalize sou manda Abel Descollines e gras Ak detèminasyon Abel Descollines.

Reyalizasyon sa yo la . Yo pa fikfif. Yo anba je tout moun ki ta vle wè yo. E gen prèv administrative ki ka pwouve enplikasyon Abel Descollines nan tout reyalizasyon sa yo.

Pandan 2 manda li fè kòm depite Abel Descollines pwopoze nan palman ayisyen anviwon yon dizèn lwa. Plisyè ladan yo te rivé vote. Pami yo yon lwa ki pou te pèmèt gen sèvis sapè ponpye nan tout komine nan peyia. Malerezman ansyen prezidan Jovenel pat janm pibliye lwa sila jiska ke li mouri.

Yon lòt lwa pou te pèmèt chak direksyon jeni minisipal nan meri tout peyia te jwenn nan mwayen lajan Fon antretyen woutye FER pou te kapab ht traktè, lodè, baskil elatriye pou te fè intèvansyon nan wout ibèn yo.

Pandan 2 manda kòm depite Abel Descollines fè plisyè jèn nan depatman an jwenn opòtinite ale etidye nan lòt peyi.

Men pawòl la di « wòm pat bati yon sèl jou »

Epi tou : si machine yon depatman an pann gen 15 palmantè ki là pou pousé l oubyen pou ranje pann depatman an, nou tout ka konprann si se youn oubyen 2 oubyen 3 sèlman kap travay pou ranje tout pann depatman kapab genyen pandan majorite lòt yo ap regle lòt koze

Nou tout ap dakò pann depatman kapab pa janm finn ranje oubyen pann nan kapab pran plis tan pou ranje.

Fin !

Ekip politik Abel Descollines nan mibalè !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841