Plizyè milye pèleren ak moun ki kirye soti toupatou nan kat kwen peyi Dayiti ansanm ak dyaspora rasanble nan Sodo (Depatman Sant) ki gen ti non l Vil Bonè pou selebrasyon 16 Jiyè fèt patwonal Mon-Kamèl ki te rele Vyèj Mirak akoz favè anpil pèleren resevwa de demand yo fè lè yo vinn lapriyè nan pye sen an.

PIBLISITE PEYE

Fèt patwonal sa a, ki chita kòl nan komin Sodo depatman Sant lan, se yon evènman kiltirèl ki pa manke rate yon pakèt opòtinite pou kwayan tout relijyon vin benyen nan gran So a ak tout kalite mirak ki bay. Pèleren vodouyizan, katolik e menm pwotestan vin remèsye Vyèj la . Gen lòt menm se moman sa yo gen gwo lespri ki danse nan tèt yo.

Fèt sa se moman ou wè tout kalite bagay , ou santi vrèman kilti Ayisyèn nan ap valorize . Gwo foul moun anvayi vil la , ou pa gen kote pou mete pyew, mès, fwa, rara, seremoni vodou, festival, otorite elatriye tout moun sou 2 pye yo , e se okazyon sa tou moun ki te angaje yo nan aktivite kèlkon pwofite vinn ranje koze yo .

Soti nan vrè non li Ville Bonheur, Saut d’Eau, ki sitye nan lès peyi Dayiti, se youn nan kote nan peyi ki pi popilè nan zafè pelerinaj ak ekspresyon senkretis yo.

Anbians nan fèt Mont-Carmel la rete plis pase yon syèk apre, yon evènman mèveye, yon eritaj sakre ak yon sous lajwa. Yon moman nan adorasyon, konfesyon, fè ve elatriye , pou n rezime sa nan yon mo se yon pelerinaj jigantèsk paske li atire divès kategori moun nan sosyete e menm etranje lòt nasyon konn vinn chèche benediksyon pa yo .

Pèlerins yo, yon fwa soti anba Pal la ki se abri estati Vyèj Mirak la, yo pran direksyon So a kise chit dlo a pou yo pran yon beny nan chans ak benediksyon epi tou pou jwenn yon remèd pou maladi yo oubyen pwoblèm yo genyen .

Gen lòt pèleren ki konn dirije yo Nan kalvè a pou adrese enkyetid yo.

Plizyè douzèn gwoup toujou mache e patisipe nan posesyon Vyèj la , yon espas pou manifestasyon popilè, relijye, mistik ak kiltirèl, nan yon atmosfè tolerans ak respè.

Jan anpil moun temwanye l ,vini nan fèt vyèj mirak Sodo se bliye laterè ki anvayi Pòtoprens ( kidnapping, kout bal , manifestasyon elatriye…, plizyè milye moun toujou vinn mete lajwa yo genyen pou viv, fete , eksprime tèt yo.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar