Willot Joseph e Rony Celestin oubyen Rony Apollon, se 2 tou pwisan sa yo( kòkòt ak figaro) ki kenbe aktyalite a nan peyi Dayiti , depatman Sant se pa pale nan moman sa. Yo te eli senatè sou menm banyè, pati politik PHTK (Parti Haïtien Tête Kale ) depi sou non sa, nou deja wè anyen pa rete nan peyi sa pou jan tèt li Kale. Anpil moun pral sezi wè se 2 asosye sa yo ki pral koupe fache .

Palmantè sa yo, p ap pase yon lane san yo pa viral sou rezo sosyal oubyen nan tout peyi a. Lè se pa pwoblèm tè ki gen nan laplèn ak ansyen depite Arnel Belizaire se konfli kay ki genyen nan laboul. Kite sa, tonbe nan pwoblèm fè lekti ki gen nan palman an, yon lòt bò se eskandal kontreban nan ladwàn yo, vin debouche sou lanmò neve k ap pale Woodmerventz JOSEPH e Kay ki koute 4 milyon dola vèt nan peyi Canada k ap fè pale de yo nan larepiblik .

PIBLISITE PEYE

Konpetisyon nan peyi Dayiti vin tout jan, FIFA pa bezwen prezan men yo oganize ant yo menm e anpil fwa san abit. Lè se pa bandi k ap goumen pou tèritwa se politisyen k ap fè lòbi pou gen kontwòl zòn yo e pase tèt yo pou pi bon. Rezon sa ki koz 2 mesye sa yo tounen lèt ak sitron paske yo bezwen gen kontwòl depatman Sant la nan pòch yo .

Willot JOSEPH e Rony CELESTIN ki se 2 politisyen nan Depatman Sant ki nan gwo chire pit, kote youn ap tire toya sou lòt sou yon pakèt dosye sansib ki li epi klase san swit paske yo pa ka jwenn evidans e poutan mesye sa yo ap flannen nan lari.

Se soti pran Madi 14 pou rive Mèkredi 15 Jen an, sa lapolis ak lajistis pat vle fè a, mesye yo kòmanse vide pawòl atè san lang de bwa nan yon kontèks ki difisil pou w demanti youn lòt paske yo gen plis pase 20 lane depi yap fonksyone ansanm .

Onorab sa yo , fè hit lè yo vle ,koze pale se tankou grenn lapli, pa gen okenn moun ki vinn poze yo kesyon paske ni lapolis, ni lajistis mare nan pye tab yo oubyen jan pwovèb la di a yo gen zèb nan bouche yo, men peyi nap reve a .

Nan kèk medya tradisyonèl ak medya sosyal, senatè Willot akize ouvètman, yon bò, senatè Rony kòm kwa li ta enplike danble nan anpil dosye louch, pami yo li site : Senatè Rony enplike nan asasine jounalis Néhémie JOSEPH, Mèt Claudy Gassant, li bay gwo lajan nan touye prezidan Jovenel Moïse nan objektif pou vòlò biznis yo te gen ansanm, li se yon dwòg dilè, li nan trafik zam ilegal, li se vòlò machin.

Foto ansyen senatè Willot JOSEPH

Senatè Willot kontinye pou l di : Rony Celestin konn invite l pou yo ale desann avyon kokayin ansanm, Senatè an fonksyon gen yon rezo gang kap vòlè machin Repiblik Dominikèn vinn woule an Ayiti. Ansyen senatè a fè konnen, li regrèt lè l konn defann Rony Celestin nan dosye koripsyon, 4 milyon dola vèt li te achte kay Kanada ( Senatè Rony di se yon bouda monnen) paske se businessman li ye, li fè 4 milyon dola benefis chak mwa epoutan gen moun kap mouri nan Komin senatè a se paske yo pa gen aksè ak sante elatriye….

Foto aktyèl senatè Rony CELESTIN

Yon lòt bò, senatè Rony Celestin reponn M. Wilot lè l akize li kòm sèl mèt e senyè ki bloke zòn anba mòn Kabrit e anpeche popilasyon an antre nan depatman Sant, li di tou M. Wilot bay yon pakèt fo lèt nominasyon nan Leta a, li konplote nan vòlò lajan FAES, li se yon vòlò tè, machann dwòg… Nan yon nòt li fè soti mèkredi 15 jen 2022 a, senatè Rony fè konnen se nan travay li kwè, se ak jèn li konn travay, l ap kontinye akonpanye jèn nan tout peyi a, sitou nan Plato Santral.

Sa pa rete la, anpil emisyon nan peyi a ki touche pa ansanm atak sa yo bay pwent vi yo: Se ka pa egzanp jounalis vedèt emisyon popilè Ti Koze ak TT a, Thériel Thélus, ki pibliye sou paj ofisyèl li yon sentèz sou diskisyon yo epi pwofite pataje a gran piblik la yon mesaj Néhémie JOSEPH te pibliye sou paj fesbouk li nan dat 29 septanm 2019 a 12:40, swa 12 jou avan li mouri asasine.

Malgre tout eskandal sa yo , depatman Sant la rete youn nan depatman ki pase inapèsi nan 5 denyè ane sa yo sou prezidans defen Jovenel Moïse. Gen plis pase 10 lise ki pa janm konstwi ,yon 30èn lekòl nasyonal ki janm reyabite ki sèlman ka pare soulèy men ki pa ka pare lapli. Lopital, Sant sante, dispansè, egziste preske de non paske pa gen mwayen pou yo fonksyone. Wout finn kraze san reparasyon , dlo tounen yon liks pou moun bwè, tout depatman an preske tonbe nan fè nwa tandiske li konn prodwi elektrisite 24 /24. Yon lòt kote ou tande moun ki plase pou rezoud pwoblèm sa yo ,se milyon kap gaspiye épi popilasyon ki te vote yo ap lagoni nan malsite.

Kesyon anpil moun nan popilasyon an pa sispann poze, se ki avni Plato Santral ak rès peyi a lè 2 senatè ki pataje menm depatman an ap akize youn lòt de gwo koriptè, vòlò, kriminèl, dwòg dilè…, kontrèman ak obligasyon konstitisyon peyi a fè yo kòm reprezantan pèp la?

Ekri pa :Serondier LOUISIA e Jean Launy AVRIL

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar